Kijan nou ka ede w ?
Kontakte nou, oswa jwenn repons lan pi ba a.
Pou achte
Chèche
Pa rayon oswa pa mo — katalòg la fèt pou telefòn.
Peye ak MonCash
Konfimasyon sou telefòn ou. Dyaspora ka peye an USD ak Zelle.
Resevwa
Fichye rive tousuit ; machandiz remèt pa machann nan ; sèvis planifye avè l.
Ou gen yon pwoblèm ak yon acha?
Jwenn kòmand lan
Louvri Acha mwen yo epi note referans ak eta kòmand lan. Kenbe mesaj ou te echanje ak vandè a.
Louvri acha mwen yoVerifye anvan ou konfime
Si vandè a deklare li remèt pwodwi a men ou poko resevwa l, sèvi ak bouton pou di ou pa resevwa l nan Acha mwen yo, anvan delè ki parèt la. Konfime sèlman lè ou resevwa pwodwi a.
Ou bezwen plis èd
Pou yon lòt pwoblèm, oswa si bouton an pa disponib, sèvi ak yon kontak sou paj sa a ak referans lan ak detay yo. Yon siyalman pa garanti yon ranbousman otomatik.
Gid pou achte sou Zabelie
Kesyon moun poze souvan
›Kijan pou m achte yon pwodui ?
Chwazi yon pwodui, klike « Peye ak MonCash » epi konfime sou telefòn ou. Dyaspora a ka peye an USD ak Zelle.
›Kilè m ap resevwa acha m ?
Sa depann de pwodui a. Yon fichye disponib touswit nan « Acha mwen yo », ak yon imèl ki gen lyen an. Pou yon sèvis, vandè a kontakte w apre peman an. Yon pwodui fizik, se vandè a k ap voye l apre peman an konfime.
›Kijan pou m vann sou Zabelie ?
Kreye yon kont, pibliye pwodui ou an kèk minit. Li gratis — platfòm nan pran 10 % sou chak vant. Awondi a toujou an favè w.
›Kilè vandè a resevwa lajan li ?
Nèt la antre touswit « an atant », epi li vin disponib 7 jou apre vant lan (pwoteksyon kont fwod).
›E si yon bagay pase mal ?
Chak kòmand ka trase e ranbouse sou menm mwayen peman ou te itilize a. Nou egzamine chak litij grenn pa grenn.